It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Friday, October 17, 2014

Nasyonzini ap Kreye Panik an Ayiti Nan Chache Anplwaye Moun Pou Travay Nan Peyi Ki Gen Ebola pa Stanley Lucas


Nouvèl ke Nasyonsizini ap chache amplwaye ayisyen pou al travay kòm volontè nan peyi ki enfekte ak yon epidemi virus Ebola parèt semèn pase sou rezo medya sosyal yo. Malgre ke feblès sistèm e enfrakstiti lasante parèt klè nan kad batay k ap mennen kont kolera a, genyen 3 enstitisyon ki sanble ap chache volontè ayisyen pou ale nan peyi kote Ebola chita ap fè gwo dega; se Nasyonzini , Pami sa k plis  pwofite de anpil milyon dola èd entènasyonal la nou jwenn òganizasyon Partners in Health, ki nan men doktè Paul Farmer ak yon lòt òganizasyon ki rele USAID ajans meriken pou devlopman entènasyonal. Gouvènman Ayisyen an nan yon kominike ke 3 ministè siyen (Sante, Enteryè ak Defans) pran desizyon pou bloke jefò sa yo pou al voye ayisyen travay nan peyi Ebola yo paske sa reprezante yon gwo danje pour peyi a. Gouvènman Ayisyen di ke li pa gen mwayen ni kontwole, ni verifye ke moun ki vwayaje nan peyi sa yo e k ap tounen pa enfekte de virus mòtel sa a ki ka yon katastrof ki pi terib pase 12 Janvye 2010.  Nou panse ke CARICOM ak OAS ta dwe mete an plas e preseprese estrateji ak mezi ki pèmèt kenbe lwen virus Ebola a e ampeche ke genyen yon epidemi rejyonal ki eklate.

Nou sonje nan mwa Novamb 2010 lan, kijan lemondantye te aprann ke genyen yon edipedemi kolera ki t ap vale teren an Ayiti. Nou vin aprann  kèk tan apre, sou baz etid syantifik ki te fèt, ke se sòlda nepalè ki nan MINUSTAH yo ki debake nan peyi dayiti ak kolera a ke yo te ranmase lakay yo o Nepal. Epidemi kolera sa a touye 8000 ayisiyen e li kontamine plis pase 800.000 moun. Pou trete e retire kolera sa a nan peyidayiti, sa pral koute peyi a plis pase 2 milya dola ke li pa genyen.  4 lane apre ke sòlda nasyonzini lage kolera sa a nan peyi a, Ayisyen ap tann toujou mwayen ke yo te pwomèt nou pou konbat epidemi sa ke yo menm yo kreye – E petèt ekskiz sekretè jeneral Ban Ki-moon ke pèp ayisyen ap tann depi lontan. Gouvènman Ayisien pa lage koze sa. Gade vidéo ke li prezante nan Washington semen pase a. Koulye a avèk tout pawol k ap pale yo, genyen anpil kesyon ki kòmanse parèt sou motif ki dèyè jefò nasyonzini pou anplwaye ayisyen e menen yo al travay nan peyi kote Ebola a ap fè dega.

Genyen yon deba k ap fèt ak anpil pasyon nan mitan Ayisyen ki anndan peyi a e ayisyen k ap viv aletranje e patikilyèman nan mitan ayisyen ki se espesyalis lan sante tankou doktè, enfimyè, elatrye. Akoz de deba ak echanj sa yo genyen anpil teori ak kesyon ki poze nan mitan ayisyen ki anndan tankou sa k deyò. Yon bagay ki klè seke gen moun anndan peyi a tankou nan diaspora a ki kòmanse panike lè ou kòmanse pale ou diskite sou Ebola. Se yon virus ki pokò genyen gerizon klè pouli e li tiye 96 pousan moun ke li enfekte e rantre sou yo. Kesyon valid ke doktè ak espesyalis ayisyen ki nan lasante a poze se: Kijan fè ke lè nasyonzini te finn lage kolera an Ayiti, li pat fè apèl a doktè, e lòt espesyalis ayisyen nan lasante ki nan diaspora a? Poukisa se koulye a yap fè sa ak Ebola?

Yonn nan bagay ke ayisyen pè e rezon ke yo jwenn sou sa, sè ke jefò sa yo ke nasyonzini ap deplwaye pou chache volontè ayisyen pou al travay nan peyi Afrik delwès kote Ebola ap fè dega sè ke se yon fason pou MINUSTAH kapab sèvi avèk yo pou di ke se yo ki mennen Ebola a an Ayiti lòske yo déjà konnen ke li la e ke sòlda MINUSTAH yo ki soti nan zone Ebola yo déjà lage virus la an Ayiti e se sòlda MINUSTAH ki lage l.

Nan rapò ke Sekretè Jeneral Nasyonzini an fè an Setamb 2014, nan pati kote l ap demontre konbyen sòlda etranje ki an Ayiti anndan MINUSTAH, li di ke misyon an genyen ladan l anpil sòlda ki soti nan peyi ke Ebola ap fè dega tankou: MINUSTAH genyen 129 solda ki soti Senegal, 30 ki soti Nigeria, 16 ki soti Guine, 122 kisoti Cote d’Ivoire, 43 ki soti Mali e 38 ki soti nan peyi Niger. Malgre plizyè demand ki fèt ,yo pa kap bay repons si wi ou non sòlda peyi Ebola ki nan MINUSTAH yo enfekte ou pa enfekte. Malgre anpil jefò pa gen repons dirèk ki bay sousa. Repons sou zafè rotasyon sòlda yo, sa vle di sa k ap rantre ak sa k ap soti pa klè ditou, sofke MINUSTAH di ke yo kanpe sou zafè rotasyon yo. Bò kote panou nou dekouvri dapre yon sous nou ke genyen 60 solda MINUSTAH ki te ale an vakans lakay yo nan peyi Ebola ki tounen an Ayiti pa gen 21 jou. Bagay sa bay gwo tèt chaje paske nou pa konnen eske yo teste mesyedam sa yo pou konnen si yo enfekte ak Ebola. Ayisyen enkyè tou parapò ak ONG yo ki gen biwo nan peyi Ebola yo e k ap transfere moun pasipala. Li posib ke ONG sa yo ki nan peyi Ebola yo kapab transfere moun yo ki enfekte pou vin travay anAyiti. Bagay sa ap bay gwo tèt chaje tou.

Si Ebola parèt tèt li an Ayiti nan semèn kap vini  yo ,sa pral kreye gwo pwoblèm pou MINUSTAH ak katye jeneral nasyonzini nan Nouyòk paske sa t ap yon dezyèm katastròf pou peyi dayiti ke yo t ap responsab. Nou deja konnen ki jan epidemi kolera ke MINUSTAH lage domaje l se pousa gwo zotobre nasyonzini yo deside redwui misyon sa a e yo pral fèmen li akòz de kredibilite total ke li pèdi nan mitan ayisyen akoz de kolera ke yo lage ak lòt zak malonèt tankou kadejak sou fanm e sou ti gason.

Chak ayisyen ak zanmi peyi dayiti dwe travay ansam pou pran tout dispozisyon pou ampeche ke Ebola sa a debake nan peyi dayiti nan bay kout men pou ede ranfòse kapasite peyi a pou l kapab goumen kont nouvo kalite de menas sa yo ke virus ak bakteri reprezante. Nou dwe sonje e pa bliye kijan virus VIH, alepòk yo te rele li 4H (yonn nan H yo te vle di Ayisyen) te kraze mache touristik nou. Alepòk tout touris alman ak kanadyen ki te konn debake nan Karayib la se an Ayiti yo te debake nan mwa Novamb-Mas. 4H la te fè yo kite peyi nou pou Sendomeng. Sa te reprezante yon gwo defisi pou ekonomi nou ; Nou sonje tou kijan virus ki te pote non lafièv pòsin nan te touye tout kochon kreyòl nou yo. Desizyon sa a te destabilize ekonomi peyizan peyi dayiti yo paske kochon kreyòl yo te kòmkidire labank peyizan yo ; Nou pa dwe bliye tou kijan virus ke yo rele grip aviè a te fè nou pèdi twaka poul ke nou genyen e kijan yo te afekte nou tou nan zafè ze. Sa te fòse nou kòmande plis pase US$450 milyon dola poul ak ze sendomeng chak ane. Epi lòt jou a, nou wè ke virus chickoungounya a debake sou nou. Sepa ni 2, ni 3 moun ke chickoungounya ap touye nan peyi dayiti a nan Karayib la. Depi ke ou genyen yon lòt maladi e chikoungounya a rantre anndan kò ou, ou gen anpil chans pèdi lavi w. Se yon moustik ke yo rele tig k ap bonbade nou ak chikoungounya. Jodi a Ayiti p ap kapab resevwa yon chay ki lou tankou Ebola. Nou panse ke anplis de mezi ke nou dwe pran pou pwoteje tèt nou antan ke peyi. Óganizasyon OEA ak CARICOM ta dwe devlope yon bon estrateji rejyonal pou konbat e pou yo elimine nouvo danje sa a yo ke virus ak bakteri yo reprezante.